Nan listwa politik ak entelektyèl Ayiti, Jean Price-Mars rete youn nan gwo vwa ki te leve kont mepri pou lakilti peyi a ak imitasyon lòt nasyon. Batay li a pa t sèlman yon kesyon kilti, men se yon refleksyon sou pouvwa, edikasyon ak kapasite yon pèp pou l pran desten li an men.
Lè Jean Price-Mars te fèt nan dat 15 oktòb 1876 nan Grande-Rivière-du-Nord, pèson pat panse non li t ap vin makonnen ak youn nan pi gwo deba sou idantite ayisyen an. Men, atravè travay li kòm doktè, diplomat, pwofesè, ekriven ak etnològ, li vin konsidere kòm youn nan entelektyèl ki pi enfliyan nan istwa peyi a. Li te kwè yon pèp pa ka bati yon avni solid, si li meprize pwòp istwa li, si li wont kilti li, epi si li toujou ap chèche sanble ak lòt nasyon pou l jwenn valè.
Se lide sa a ki se baz tout refleksyon li. Pou Price-Mars, pwoblèm Ayiti pa sèlman nan enstabilite politik oswa nan feblès enstitisyon yo. gen yon lòt kriz ki pi fon toujou : fason yon pati nan elit la konsidere pèp la, lang li, kwayans li ak eritaj.
Yon elit ki vire do bay pwòp pèp li
Apre endepandans 1804 la, Ayiti te vin premye repiblik nwa endepandan nan epòk modèn nan. Men, endepandans politik la pa t otomatikman mete fen nan tout fòm depandans kiltirèl ak mantal. Nan plizyè sèk nan sosyete a, kilti franse a te rete yon referans pou sa yo te konsidere kòm edikasyon, prestij, siksè, men pifò pratik kiltirèl pèp la te kontinye sibi gwo mepri.
Se nan kontèks sa a Jean Price-Mars tap devlope refleksyon li yo. Li te refize lide ki fè konprann sa ki soti nan Ewòp gen plis valè pase sa ki soti nan lavi pèp ayisyen an. Li te chèche montre ke istwa, tradisyon, kwayans ak ekspresyon kiltirèl pèp la merite valorize, olye yo imilye li.
Lè Etazini te okipe Ayiti an 1915, kesyon diyite nasyonal la te pran plis pwa. Okipasyon an te mete souverènte peyi a anba gwo presyon, pandan li te relanse deba sou kapasite Ayisyen pou dirije pwòp peyi yo. Pou Price-Mars, defann Ayiti pa t kapab limite ak diskou sou drapo ak endepandans. Li te nesesè tou pou Ayisyen reprann konfyans nan istwa yo, nan kilti yo ak nan kapasite entelektyèl yo.
Ainsi parla l’oncle : yon repons ...
An 1928, Jean Price-Mars pibliye Ainsi parla l’oncle, yon liv ki vin tounen youn nan travay fondamantal nan refleksyon sou kilti ayisyen. Nan liv sa a, li mete tradisyon oral, kwayans popilè, vodou ak eritaj afriken an nan mitan analiz li sou sosyete a.
Sa li t ap defann lan pa t yon envitasyon pou Ayiti fèmen pòt li sou lòt kilti, se te pito yon apèl pou peyi a sispann meprize tèt li. Li te vle montre epi pwouve ke kilti ayisyen an gen pwòp lojik pa li, pwòp istwa pa li ak pwòp valè pa li, e li merite plas l nan lavi nasyonal la.
Panse sa a ede bay mouvman endijenis la plis fòs epi li kontribye nan gwo refleksyon sou kilti nwa ki te devlope nan Karayib la, an Afrik ak nan dyaspora a. Enfliyans travay Price-Mars la te depase fwontyè Ayiti, nan yon epòk kote entelektyèl nwa t ap chèche reponn ak rasis ak dominasyon kiltirèl.
Yon entelektyèl ki te antre nan batay politik la
Jean Price-Mars pa t rete nan liv ak konferans sèlman. Li te sèvi peyi a kòm diplomat epi li te patisipe nan lavi politik la. An 1930, li te retire kandidati li pou prezidans lan an favè Sténio Vincent. Apre sa, li pran pozisyon nan opozisyon an nan Sena a, sa ki te mete l an konfli ak pouvwa ki te an plas la.
Chimen sa a montre yon aspè enpòtan nan lavi li : refleksyon li sou idantite ak diyite nasyonal la te mache ansanm ak kestyon sou fason peyi a dwe dirije. Pou li, yon nasyon pa t ap kapab devlope tout kapasite li si li pa t bay konesans, edikasyon ak kilti pèp la plas yo merite.

An 1941, li te fonde Enstiti Etnoloji ann Ayiti, yon etap enpòtan nan devlopman etid sou sosyete ak kilti ayisyen an. Travay sa a te ede mete rechèch sou reyalite peyi a nan yon kad enstitisyonèl, olye yo kite lòt moun sèlman defini Ayiti apati pwòp pèspektiv pa yo, pwòp panse pa yo.
An 1956, nan premye Kongrè Entènasyonal Ekriven ak Atis Nwa yo ki te fèt nan Sorbonne, Pari, yo te chwazi Price-Mars kòm prezidan kongrè a. Li te gen 79 an. Prezans li nan rasanbleman sa a te montre plas li nan gwo deba entènasyonal sou kilti, ras, kolonyalis ak libète entelektyèl.
Jean Price-Mars mouri 1ye mas 1969, nan Petyonvil, a 92 an. Men travay li yo rete byen vivan, yo pa disparèt ansanm avè l.
Yon kesyon ki ka toujou poze
Jodi a, Ayiti ap fè fas ak yon kriz politik ak enstitisyonèl ki mete kapasite Leta pou l pwoteje popilasyon an ak bay sèvis anba gwo presyon. Nan yon kontèks konsa, refleksyon Jean Price-Mars yo ka ede nou poze kèk kesyon fondamantal : ki kalite peyi n ap chèche konstwi ? Ki plas kilti ak istwa pèp la genyen nan pwojè nasyonal la ? E ki jan yon peyi ka reprann kontwòl sou desten li si l pa kwè nan kapasite pa li pou l pwodui konesans, lide ak solisyon ?
Price-Mars pa t bay repons pou tout pwoblèm Ayiti genyen jodi a. Men, li te kite yon prensip ki rete enpòtan : diyite politik yon pèp pa ka separe ak fason li konprann tèt li. Rekonstriksyon peyi a mande enstitisyon ki solid, responsablite politik ak aksyon konkrè. Men li mande tou yon vizyon nasyonal ki pa chita sou mepri pou sa nou ye.
Plis pase yon syèk apre piblikasyon premye gwo travay li yo, eritaj Jean Price-Mars la rete yon apèl pou Ayiti gade listwa li an fas, san wont, epi san abandone dwa li genyen pou l defini pwòp avni li.





