Chantè Stanley Georges ak Sam Priviose mete tèt yo ansanm pou prezante « Eske sa ap fini », yon nouvo mizik ki pote yon mesaj sou doulè ak difikilte pèp ayisyen an ap travèse. Mizik sa a, ki pibliye 30 out sou tout platfòm striming yo, se yon kolaborasyon kote de atis yo sèvi ak zèv yo pou eksprime reyalite sosyal peyi a epi poze kesyon sou avni popilasyon an.

Depi kòmansman mizik la, atis yo dekri yon reyalite kote lanmò sanble vin tounen yon bagay nòmal ki rive chak jou. Yo denonse tou endiferans plizyè moun nan sosyete a ki detounen je yo toutotan malè a pa touche yo dirèkteman. « Li vin nòmal, ke n ap mouri tankou n se mouch. » Li mete aksan tou sou fason lanmò ap taye banda sou lavi ayisyen chak jou.

Fanmi ki nan lapenn nan yon katye Pòtoprens
Lapenn fanmi yo nan yon katye Pòtoprens : mizik la dekri yon reyalite kote lanmò vin tounen bagay ki rive chak jou.— Reuters

Yon lòt bò, mizik la montre konsekans vyolans lan sou chak fanmi ki viktim. « Poto mitan fanmi yo masakre, avni timoun yo chavire. » Pawòl sa yo montre jan vyolans lan pa sèlman pran lavi, men li detwi fanmi ak avni tout yon jenerasyon.

Sèkèy nan yon seremoni antèman an Ayiti
Seremoni antèman pou viktim vyolans yo : chak semèn fanmi yo ap antere moun pa yo.— À l'Œuvre TV

Mizik la pale de kay ki boule, moun ki oblije kite lakay yo pou al viv nan lòt katye, anndan pwòp peyi yo. Yo fè yon referans ak plas piblik ki tounen refij pou kèk deplase. « Lakay boule, n oblije ap dòmi Plas Bwaye. » Yon fraz ki parèt kòm youn nan senbòl deplasman fòse akoz vyolans gang yo nan Pòtoprens.

Moun deplase ki kite lakay yo akoz vyolans
« Lakay boule, n oblije ap dòmi Plas Bwaye » : plizyè santèn milye moun deplase anndan pwòp peyi yo.— Reuters

Refren an sonnen tankou yon lamantasyon. Se pa yon senp slogan pou chante, men yon kesyon ki retounen plizyè fwa san repons. « Eske s ap fini, ki jou l ap fini, kochma sa twò di, mwen fin bliye gou lavi. » Yon fason pou montre fatig yon jenerasyon ki sanble pèdi espwa.

Popilasyon an nan mitan ensekirite a
Yon jenerasyon ki fatige : « Kochma sa twò di, mwen fin bliye gou lavi. »— Reuters

Yon kout je sou sosyete a

Mizik la pa sèlman dekri soufrans lan. Li lonje dwèt sou lojik lagè ak enterè nasyonal ki, dapre mesaj chantè yo, sanble ap sakrifye moun ki pi vilnerab yo : timoun, fanmi ki nan difikilte ak yon jenès ki pa gen menm libète pou reve. « Yo sible malere, depouye sila k deja pa genyen. »

Manm gang ame nan yon katye Pòtoprens
Gang ame yo kontinye kontwole plizyè katye nan zòn metwopolitèn nan.— Reuters

Kiyès Stanley Georges ak Sam Priviose ye ?

Stanley Georges se yon chantè evanjelik ayisyen ki fèt Pòtoprens. Li fè premye pa li nan domèn mizikal la an 2000, lè li te patisipe nan yon konkou chante Nwèl sou Télémax ak pyès « Joyeux Noël Kanmèm ». Patisipasyon sa a te kontribye nan lansman gwoup Trémolo, anvan li te kòmanse yon karyè solo kote li te kolabore ak plizyè atis nan milye mizikal ayisyen an.

Nan pakou li, li te pase tou nan gwoup Nu-Krezi, epi li te jwe ansanm ak James C nan pwojè « Soldat Krezi ». Anvan sa, li te patisipe nan albòm kolektif « Alo Haïti », yon pwojè label Soley Sounds te reyalize an 2006, ki te rasanble plizyè jèn kreyatè, pami yo R-Bass, Bélo ak Tifane. Menm ane a, sou konpilasyon « Soley Sounds System, Vol. 2 », li te prezante mizik « Ou Mechan ».

Rekonèt kòm yon atis ki angaje nan mizik gospel, Stanley Georges te wè talan li jwenn rekonesans sou sèn entènasyonal la. Le 27 jen 2025, li te resevwa prim « Male Artist of the Year (Foreign Language) » nan kad seremoni Canadian Selah Music Awards (CSMA), ki te fèt nan Théâtre Martha Cohen, nan Calgary, Alberta, Kanada. Distenksyon sa a te make yon etap enpòtan nan karyè atis la pandan ane 2025 la.

Sam Priviose, ki rele Samuel Priviose, se yon chantè ak otè-konpozitè ki soti Kay Jakmèl, nan depatman Sidès la. Li te fòme nan Artist Institute, anvan li te kontinye fòmasyon li nan Fondasyon Rapino (Rapino Foundation). Se nan kad fondasyon sa a li te patisipe, ansanm ak zanmi li John Eustache Jeudy, nan pwogram « Beat Labs », yon inisyativ ki vize pote mizik nan lekòl ki pi izole nan peyi a.

« GAYA », premye gwo mizik li te pibliye, se yon pwodiksyon ki te reyalize avèk label R3VOLVE (R3VOLVE Haiti Studios), estidyo Fondasyon Rapino a. Chante a te vin tounen yon mizik ki ankouraje rapwòchman ant kilti vil yo ak kilti andeyò yo, e li te kontribye nan mete non Sam Priviose pami nouvo vwa k ap pran plas nan mizik ayisyen an.

Yon kesyon ki rete san repons

« ESKE SA AP FINI » se pa yon mizik pou w tande yon fwa epi bliye. Nan moman peyi a ap travèse kounye a, kote ensekirite ap kontinye chanje kondisyon lavi anpil moun, tit sa a vin tankou yon miwa yo mete devan nou. Chantè yo poze yon kesyon fondamantal : ESKE SA AP FINI ? Pou kounye a, pèsonn poko gen repons pou li.